user preferences

New Events

Amerik Santral / Karayib

no event posted in the last week

Pozisyon (konplè) Batay Ouvriye sou eleksyon yo

category amerik santral / karayib | miscellaneous | press release author Sunday January 29, 2017 07:20author by Batay Ouvriye Report this post to the editors

Eleksyon ki sòt fèt yo montre nou klèman eleksyon pa yon solisyon pou peyi Dayiti. Nou ka di se pa premye fwa Batay Ouvriye ap denonse kalite eleksyon sa yo nan peyi a. Men, jodi a, nou wè aklè gagòt seri eleksyon ki sòt fèt yo montre nou se yon seleksyon politisyen reyaksyonè awogan ak arivis ki pran tèt aparèy leta. E li te previzib! Se te yon konpetisyon ant politisyen ak kolòn abolotcho epi granmanjè pou gade kiyès nan yo ki pwal dirije LETA a, nan enterè pa yo anvan, epi nan enterè tout rès klas dominan yo ak enpeyalis yo. E menm si pa t gen seleksyon, eleksyon yo t ap toujou fèt nan enterè klas dominan yo, pi patikilyèman boujwa yo, grandon yo ak patwon yo, enpeyalis yo.

pwen.png

Li dwe klè pou nou, eleksyon, kit magouy ou pa, se youn nan pratik demokrasi boujwaz la pou rechaje diktati, espwatasyon ak dominasyon yo sou kan pèp la, sou do nou menm ouvriye ki sèvi kòm bourik. E se nati demokrasi pouvwa klas dominan yo ki fè sa. Li garanti yon akimilasyon kapitalis nan enterè klas dominan yo kit nan fè koripsyon, malvèzasyon ak nan fè tout kalite krim pou yo rete nan tèt leta nan enterè pa yo ak enperyalis yo. Eleksyon sa yo tou, se pou asire kontinyite dominasyon yo ak esplwatasyon yo ak fòm dominasyon enpeyalis sou titèl nou ye a, patikilyèman lè n gade wòl kò gwoup la ak divès branch Nasyon Zini tankou PNUD ak MINISTA jwe pou reyalizasyon yo.

Ak fayit klas dominan yo nan peyi a, Leta a, ki an fayit tou, pa fouti ofri okenn sèvis. Leta vin tounen yon sous koripsyon. Kidonk kit yo granmanjè, kit yo abolotcho, lè yo vin nan tèt leta a se pa pou vòlò sèlman. Li sa tou, men lajan sa a konn tounen yon sous akimilasyon kapitalis pou y al envesti nan rakèt dwòg, kontrebann, komès, tè, elatriye… Kidonk koripsyon sa yo pa senpman yon vòl, men tou yo sèvi pou kapitalis jwenn yon jan pou yo akimile kapital. Yo tout osèvis enpeyalis yo, malgre nasyonalis bri sapat kèk ladan yo.

Devan sitiyasyon sa a li mete nou devan yon posiblite yon eklatman sosyal nan kad yon afwontman ant mas popilè yo epi klas dominant yo. Konsa kriz la ap vin pi pwofon kote eklatman an ka vin pran yon fòm gè sivil. Se nan sans sa a, tout mas travayè yo, tout pwogresis konsekan dwe konprann. Sitiyasyon jeneral sa a trè trè danjere pou nou paske li ka ranfòse okipasyon an. Men li dwe klè tou : konfwontasyon nan mitan klas dominan yo segondè pou nou menm nan kan pèp la. Se nou ki pou pote yon lòt altènativ politik otonòm pou konstwi yon lòt leta. Se poutèt sa n ap di ouvriye sa yo ak lòt travayè ki pran nan pwopagann klas dominan yo, enperyalis yo ak politisyen souflantchou yo pou yo al jete yon bout papye nan bwat bilten: SE TI GAD KI POKO KONN Ki BÒ YO GAD.

Pou nou menm ouvriye konsyan nan Batay Ouvriye se responsabilite nou ak tout lòt travayè konsyan pou nou ofri ALTÈNATIF OTONÒM PA NOU. E se sa sitiyasyon politik la mande nou. Se poutèt sa ouvriye konsyan yo dwe konstwi inite anndan klas nou apati vizyon klas pa nou pou peyi a. Epitou, nou dwe al nan lòt klas domine yo (ti peyizan, ti boujwa yo, soupwoletè yo…) pou ralye yo dèyè vizyon pa nou.

Klas dominan yo ak enpeyalis yo fin montre yo ka kraze peyi a. Se nou menm ouvriye ak travayè ki pote peyi a sou do nou. Se nou ki pwodui tout richès klas dominan yo gen nan men yo. An nou montre nou se gad ki konn kote nou gad. Ann trase chimen pa nou pou yon AYITI Djanm epi Granmoun tèt li nan enterè pa nou ak tout lòt ouvriye ak travayè entènasyonalman.

ANN ÒGANIZE TÈT NOU POU NOU POU GEN KAPASITE REYÈL POU FÈ FAS AK KONFWONTASYON LENMI NOU YO PREPARE POU NOU AK ELEKSYON KI SÒT FET YO EPI MACHE SOU WOUT POU KONSTRIKSYON YON LÒT LETA NAN PEYI A, SOU BAZ REVANDIKASYON NOU YO AK ENTERÈ KLAS PA NOU SAN DEZANPARE!

Batay Ouvriye 14 janvye 2017

This page can be viewed in
English Italiano Deutsch
Employees at the Zarfati Garage in Mishur Adumim vote to strike on July 22, 2014. (Photo courtesy of Ma’an workers union)

Front page

El acuerdo en preparacion entre la Union Europea y Libia es un crimen de lesa humanidad

Mourn the Dead, Fight Like Hell for the Living

SAFTU: The tragedy and (hopefully not) the farce

Anarchism, Ethics and Justice: The Michael Schmidt Case

Land, law and decades of devastating douchebaggery

Democracia direta já! Barrar as reformas nas ruas e construir o Poder Popular!

Reseña del libro de José Luis Carretero Miramar “Eduardo Barriobero: Las Luchas de un Jabalí” (Queimada Ediciones, 2017)

Análise da crise política do início da queda do governo Temer

Dès maintenant, passons de la défiance à la résistance sociale !

17 maggio, giornata internazionale contro l’omofobia.

Los Mártires de Chicago: historia de un crimen de clase en la tierra de la “democracia y la libertad”

Strike in Cachoeirinha

(Bielorrusia) ¡Libertad inmediata a nuestro compañero Mikola Dziadok!

DAF’ın Referandum Üzerine Birinci Bildirisi:

Cajamarca, Tolima: consulta popular y disputa por el territorio

Statement on the Schmidt Case and Proposed Commission of Inquiry

Aodhan Ó Ríordáin: Playing The Big Man in America

Nós anarquistas saudamos o 8 de março: dia internacional de luta e resistência das mulheres!

Özgürlüğümüz Mücadelemizdedir

IWD 2017: Celebrating a new revolution

Solidarité avec Théo et toutes les victimes des violences policières ! Non à la loi « Sécurité Publique » !

Solidaridad y Defensa de las Comunidades Frente al Avance del Paramilitarismo en el Cauca

A Conservative Threat Offers New Opportunities for Working Class Feminism

De las colectivizaciones al 15M: 80 años de lucha por la autogestión en España

© 2005-2017 Anarkismo.net. Unless otherwise stated by the author, all content is free for non-commercial reuse, reprint, and rebroadcast, on the net and elsewhere. Opinions are those of the contributors and are not necessarily endorsed by Anarkismo.net. [ Disclaimer | Privacy ]