Why we should listen to anarchists in the age of Trump 01:32 Jan 24 0 comments The Crisis of European Integration and the Challenges for the Left 14:42 Oct 25 0 comments Η Σφήκα (Τεύχος 9) 16:44 Jun 18 0 comments Arab Spring and Syrian Refugee Crisis: Ten Theses for Discussion 16:26 Nov 18 0 comments Référendum: voulez vous que les patrons nous exploitent, oui ou non? 17:01 Jul 04 0 comments more >> |
Recent articles by ENTERÈ POPILÈ
This author has not submitted any other articles.
Recent Articles about Amerik Santral / Karayib MiscellaneousLe retour du duvaliérisme en Haïti sous le manteau de la « réconciliat... Jan 13 14 Haiti : Les manifestations publiques sont légitimes Nov 29 13 Quand les « bandits légaux » enlèvent aux Haïtiens toute dignité Sep 18 13 Sou Siklonn Matyou
amerik santral / karayib |
miscellaneous |
feature
Tuesday October 18, 2016 05:46 by ENTERÈ POPILÈ
Nou pap pale ak nèg ki nan tèt jwèt yo nan sitiyasyon global peyi a: granboujwa, grandon, granmanjè, ideyològ sousou yo, ansanm ak mèt yo tout: enpeyalis yo. Nan sitiyasyon dezas siklonn Matyou blayi anwo popilasyon a an jeneral, nou pap pale ak klas sosyal ki nan tèt jwèt yo nan sitiyasyon global peyi a. Se poutèt, tou dabò, se mas popilè yo ki touche vre. Sila nou tande yo rekòmanse ap rele: “pi defavorize yo”. Poutan, se “pi defavorize” lòt bò dlo yo ki voye pi fò, si se pa prèske tout, nan transfè dyaspora a; menm jan se “pi defavorize yo” (ti peyizan, travayè tout kalite, ouvriye, ti machann...) ki pwodyi epi redistribye tout richès sou teritwa a; kidonk, ki, vreman vre, pòte peyi a sou do yo. Si se yo ki pi touche anba siklonn lan: se poutèt, presizeman, se yo ki... “pi defavorize”.
Nou konsyan siklonn lan touche popilasyon an pi lajman; nou konsyan tou divès enfrastrikti oswa edifis piblik ki sèvi pou tout moun afekte. Men, ankò yon fwa, nou pap pale ak nèg ki nan tèt jwèt yo nan sitiyasyon peyi a. Se poutèt, presizeman, si travayè yo ansanm ak mas popilè yo “pi defavorize”, se poutèt yo anba espwatasyon, ekzaksyon ak dominasyon jeneral klas k ap jwi yo ansanm ak Leta reyaksyonè yo a k ap apiye yo, defann yo epi òganize dominasyon yo. Jounen jodi a, nou wè tout sanginè sa yo ki vle di y ap “ede”, ap mande “inite nasyonal” pou “rekonstwi peyi a”. An reyalite, kriminèl sa yo, se maske y ap maske tèt yo an “bon moun” pou chache kouvri tout ekzaksyon yo toujou fè sou nou, pandan reskonsab ideyolojik yo ap chache anbake nou nan yon “inite” ki pou ta fè n kwè “bon moun” sa yo ansanm ak nou menm k ap sibi a, dwe “fè youn” devan malè.
NON!
Nou rete kwè mistifikasyon “egalego” demokrasi boujwa a pral kontinye chita menm jan an. Pi rèd (yon mal pou yon byen nan avantaj yo): dezas siklonn lan pral ogmante kapasite mistifikasyon sa a. Mistifikasyon eleksyon yo ki la pou divize nou, alyene nou, detounen nou; mistifikasyon “Linyon fè lafòs” yo a, ki se yon alyans konpradò ak grandon sou do nou; mistifikasyon demokrasi yo a ki vle fè kwè nan sosyete klas antagonik ki devan nou an, tout moun “egalego”. |
Front pageFalse hope, broken promises: Obama’s belligerent legacy Primer encuentro feminista Solidaridad – Federación Comunista Libertaria Devrimci Anarşist Tutsak Umut Fırat Süvarioğulları Açlık Grevinin 39 Gününde Recordando a César Roa, luchador de la caña Prison Sentence to Managing Editor of Anarchist Meydan Newspaper in Turkey American Anarchist and Wobbly killed by Turkey while fighting ISIS in Rojava Attaque fasciste sur la Croix Rousse et contre la librairie libertaire la Plume Noire Red November, Black November – An Anarchist Response to the Election 1986-2016: 30° anniversario di Alternativa Libertaria/fdca El feminismo es cuestión de vida o muerte ¡Contra el machismo dominante Anarquismo Militante! [Colombia] El NO se impuso, ¿qué sigue? Hamba kahle comrade Bobo Makhoba (1975-2016) Where to now, Zimbabwe? Beyond the “good” charismatic pastor. Contre la loi Travail: le bras de fer continue Announcement of Nationally Coordinated Prisoner Workstoppage for Sept 9, 2016 Amerik Santral / Karayib | Miscellaneous | ht Thu 26 Jan, 20:37 Pozisyon Modep Sou Desizyon Gouvèlman Preval-Pyèlwi A Pou Fin Likide Teleko 04:25 Tue 26 Jan 0 comments TELEKO pa pou vann, ni angwo, ni an detay Sorry, no stories matched your search, maybe try again with different settings. Pozisyon Modep Sou Desizyon Gouvèlman Preval-Pyèlwi A Pou Fin Likide Teleko Jan 26 MODEP 0 comments TELEKO pa pou vann, ni angwo, ni an detay |