Wikipedya:Akèy nouvo arivan yo

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Ale nan: Navigasyon, Fouye

Bonjou ! Byenvini sou Wikipedya kreyòl ayisyen an !

Mèsi poutèt ou vle patisipe nan Wikipedya, yon ansiklopedi lib ki se yon travay kolektif.

Objektif paj sa a se pou montre ou, pazapa, kòman pou ou kontribye. Nou dwe li diferan pati yo nan lòd, men nou gen dwa tou pa li tout.

You don't speak creole[edite | modifye sous]

This page in EnglishThis page in FrenchThis page in Spanish

Help for international users here : International section

(angle) en You are welcome here. There are some things that you can do even if you can't write in Haitian Creole. For example, with the help of online translation tools, you can add images to pages, check Special:RecentChanges to look for spam or obvious vandalism, or add reliable sources that support text someone else has written.

(franse) fr

(espagnòl) es


Enpòtan[edite | modifye sous]

Pa pè kreye epitou chanje atik yo !

Si ou vle patisipe san ou pa li tout pati yo, ou mèt ale dirèkteman nan paj yo :

Ou kapab li entwodiksyon sa a, si ou vle patisipe toutan.

an sèl bagay mwen ta vle di se mèsi anpil pou tout atik yo zòt ap mete nan lang kreyòl ayisyen an pou moun ki ap pale kreyòl sa a, moun sent-lisi,moris, matinik,gwadloup,giyan,dominik,sechèl,lwizyan yo pe sa li nan lang pa yo!!!

Kontribiye mezanmi pou fè bagay yo vanse pou lang kreyòl ayisyen an !

Prensip de baz[edite | modifye sous]

Wikipedya se yon ansiklopedi gratis. Li la pou tout moun. Li fasil pou jere epitou moun kapab itilize enfòmasyon li yo daprè kondisyon Lisans dokimantasyon lib GNU an.

  • Li ouvè pou tout moun : tout moun ka patisipe pou amelyore enfòmasyon yo. De klik sifi. Yon klik sou lyen pou modifye paj sa a, epitou yon dezyèm klik pou ou anrejistre sa ou tape yo. Ou kapab ekri atik sou nenpòt ki sijè, sou chimi, jewografi yon peyi, biyografi yon chantè, etc. Pou ou verifye sa ou ekri yo, epitou pou ou antrene ou, Bak sab la bon pou ou eseye.
  • Senp : prensip WikiWiki nou itilize sou sit sa a fasilite kreyasyon ak modifikayon atik yo. Aprann baz langaj sa a fasil anpil. Pa egzanp, jis antoure yon mo avèk de kwoche [[...]] pou ou kreye yon lyen, epitou de apostwòf pou ou mete mo yo an italik.
  • Nou ka reitilize enfòmasyon yo : n ap itilize Lisans dokimantasyon lib GNU an. Se yon lisans ki otorize tout moun kopye, chanje epitou distribye enfòmasyon ki sou Wikipedya yo, daprè sa Lisans dokimantasyon lib GNU an di. Nou oblije kenbe menm lisans sa a pou kopi konfòm yo ak pou kopi modifye yo, menm jan nou oblije di ke enfòmasyon sa yo vini de Wikipedya epitou kiyès ki ekri yo.

Règ fondamantal[edite | modifye sous]

Wikipedya se yon pwojè kolektif ki nesesite sèten règ. Li enpòtan anpil pou nou emèt opinyon nou san patipri epitou mete enfòmasyon ki apwopriye. Genyen twa règ fondamantal :

  • Bay opinyon ou san patipri : Nou dwe evite patipri, opinyon pèsonèl ak manti.
  • Respè copyright : Li enpòtan anpil pou nou fè atansyon pou nou pa mete teks ak imaj ki pwoteje pa yon copyright.
  • Respè zòt ak respè travay yo : Patisipan yo sòti nan diferan peyi ak diferan kilti, epitou yo gen opinyon diferan. Si nou trete lòt yo epitou avi yo avèk respè, nou kapab kolabore pi byen pou nou ka bati ansiklopedi sa a.


Prezante ou[edite | modifye sous]

Prezante ou nan paj sa a, lese yon ti mesaj pasaj ou a, bay la vwa :



Ou mèt kopye modèl prezantasyon sa a, li ap pli fasil pou ou :

{{Nouvo arivan
|non=Masterches  <!--non itilizatè ou an-->
|mesaj=Mèsi pou patisipasyon nou yo nan gwo toro pwojè sa a ! <!--mesaj ou an -->
|koulè=#FFFFDB; <!--koulè ki nan fon mesaj ou an "yellow","blue","green","white", ...-->
}}

li ap bay sa :

  • == Masterches ==
Mèsi pou patisipasyon nou yo nan gwo toro pwojè sa a !
  • == Masterches ==
Mèsi pou patisipasyon nou yo nan gwo toro pwojè sa a !
  • == Masterches ==
Mèsi pou patisipasyon nou yo nan gwo toro pwojè sa a !
  • == Masterches ==
Mèsi pou patisipasyon nou yo nan gwo toro pwojè sa a !