Ayiti

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Ale nan: Navigasyon, Fouye
Repiblik Ayiti
(République d’Haïti)
drapo Ayiti anblèm Ayiti
(detay) (detay)
deviz nasyonal

im nasyonal

(libète, egalite, fratènite)
Ladesalinyèn
lang
jantile
kreyòl, franse
ayisyen
LocationHaiti.png

fizo orè : UTC -5

istwa
endepandans
 - Ofisyèl
de Lafrans
1804
politik
gouvènman
 - Prezidan
repiblik
Jocelerme Privert
kapital Pòtoprens
pi gwo vil Pòtoprens
Haiti map.png
divizyon
tip : depatman
Latibonit, Sant, Grandans, , Nòdès, Nòdwès, Lwès, Sid, Sidès, Nip
vwazen Jamayik, Kiba, Dominikani
òganizasyon ONI, OEA, CARICOM
jewografi
sipèfisi (km²)
dlo (%)
frontiè (km)
còt (km)
pli ro (m)
pli ba (m)
27 750 (143) 2005
0,70
360
1 771

0
ekonomi
monnen
 - divizyon

PEB
 - total (US)
 - pa ab. (US)
2002
10 600 000
1 400
endis yo
 - EDI
 - EPI

0.467 (153) 2004


demografi
popilasyon (ab.)

dansite (ab./km²)
lavi (zan)
ne (‰)
mòtalite (‰)
mòtalite timoun (‰)
alfabèt (%)
an vil (%)
8 157 658 (92)
estimasyon 2004
293,99





endèks
kòd
kòd ISO 332 - HT - HT
endikatif yo
 - entènet
 - telefonik
 - radyofonik

.ht

nòt

Ayiti, yo rele tou Repiblik Ayiti[1] (franse : République d’Haïti), se yon peyi nan Gran Zantiy ki okipe tyè lwès sou zile Ayiti oswa Kiskeya nan lang premye abitan yo. Kapital Ayiti se Pòtoprens (franse : Port-au-Prince).

Se revòlt esklav Sendomeng yo ki mennen a kreyasyon Repiblik d Ayiti a an 1804. Se premye peyi nwa ki pran endepandans li poukont li de Frans. Popilasyon premye leta ki soti anba chenn lesklavaj epòk kolonyalis ak rasis la gen plis nwa ke blan. Se Ayisyen nwa lwès yo ki te ede ayisyen milat lès yo kwape moun otorite espanyòl yo pou yo jui endepandans kont Espay. Pandan 25 lane tou de pati yo te fè yonn, yo te gen menm prezidan Jean-Pierre Boyer. Men menm Jan sou konplisite politiky jeneral Ferrand ak yon tî ponyen fransè té fe espay okipe pati lès la sé konsa lafrans redivizel ankò ak zafè dèt pou lendepandans lan ki merité jistis ak reparasyon.

Ayiti se yon peyi an vwa devlopman, k ap fè yon eksperyans demokrasi e ki ap eseye òganize li ak rekonstwi tèt li aprè gwo tranbleman tè 12 janvye 2010 la. Goudougoudou sa a te kraze yon pati nan peyi a. Ayiti ka vante tèt li pou bèl listwa li genyen ak bèl sit touristik li genyen epi pi bèl plaj li genyen nan rejyon an. Ayiti se te premye destinasyon touristik nan karayib la nan lane 1950, 1960, epi 1970. Yo te rele peyi sa a la perle des Antilles oubyen « pèl nan Zantiy yo », « pèl dè Zantiy », li te yon tan peyi kote yo vizite anpil nan karayib la malgre moman enstabilite politik ak ekonomik li te konnen apre lane 1986.

Istwa[edite | modifye sous]

Arawak yo se te premye abitan natirèl zile Sendomeng. Ahatti Qisqeyànoh boiho konsa Tayno yo te rele l anvan Kolon yo. Kolon Panyòl yo te debake pou pran posesyon zile a yo te batize, oswa rele li, Ispanyola (ki vle di « ti Espay »). Sa fè kenz syèk, Ayiti te gen anviwon twa san mil moun.

Lè panyòl yo te rive Ayiti, yo te fè Arawak yo travay pou yo sou plantasyon. Plant ki te pi enpòtan sou plantasyon sa yo se te kann. Byen vit, panyòl yo nan fose yo travay tout Awarak mawon bonkou al amerik sou zonn no an 1500 Ciboney yo kite nan sid ayiti yon branch fanmi arawak yo te disparer net karayib yo te kenbe têt ak panyòl yo yo te arete kek tankou kawonabo rèn Anakowona la lè sa yo te ranplase Arawak yo avèk moun nwa ki te sòti Afrik kolon yo vini mete yo travay nan plantasyon kann yo kòm esklav.

Nan ane 1697, trete Ryswik la te divize Ispanyola ant Frans ak Espay apre sou yon lot trete espay vann lafrans tout zile a ki pote non trete de bal. Franse yo vin rele zile a Sen Domeng.

Nan lane 1791, esklav yo avèk Toussaint Louverture kom chèf yo, revolte kont blan franse pou yo te ka gen menm dwa kon tout moun. Se sa revolisyon 1789 la te di. Men blan yo pat dakò, yo trayi Toussaint, yo arete Toussaint, yo mete li nan bato, yo voye Toussaint an Frans pou yo te anprizone'l nan fò de jou nan ane 1802. Toussaint L'Ouverture ki te konnen kisa Jean Jacques Dessalines peze, te pwononse pawol sa avan li te monte bato poul ale nan prizon: " Nou rache pyebwa libete a, men lap pouse anko paske rasin yo anpil e yo djanm yap repouse l pi red " li di sa paske l te kite yon potorik gason dèyè, neg sa rele Jean Jacques Dessalines, yon towo ki pap janm abandone, ki pap janm bese bra devan pyes kolon. Toussaint mouri 7 avril 1803 nan prizon an Frans.

Men, premye janvye 1804 esklav Sen Domeng yo te finalman sou zòd Jeneral an chef lame endijèn nan Jean Jacques Dessalines ansanm ak tout lòt manm lame endijèn nan, deklare e prezante bay linivè tout antye endepandans AYITI. Pou rèv sa te rive konkretize, se te viktwa an viktwa lame endijèn nan t ap mache fè sou kolon franse yo, lame endijèn nan kòmanse ap viktorye depi nan pil ak pakèt batay li t ap fè kont kolon franse depi avan kreyasyon drapo nou 18 me 1803 nan komin Akayè, pase pa Crète à Pierrot, batay baryè boutèy, batay ravin a koulèv, vètyè, rive jouk dènye batay nan Mòl Sen Nikola jou ki te 5 desanm 1803, pèp ayisyen te bat twoup franse yo e fè ti rès kolon franse ki te rete yo kouri kite zile AYITI ya. Yo reprann ansyen non pèp ki tap viv anvan sou zile an "Ayiti Jean Jacques Dessalines te nome gouvènè pou lavi. Pou Jean-Jacques Dessalines te prezève endepandans AYITI a, li te fè touye tout blan franse ki t ap konplote kont revolisyon ak endepandans AYITI. Dessalines te deklare: tout pèp sou tè ya, li te mèt wouj, jòn, blan, depi li kase chèn lesklavaj, li kouri, li tonbe sou tè AYITI, li lib. Dessalines te achte tèt plis pase san mil (100.000) nèg ki te esklav k ap travay nan sid peyi Etazini, li te peye pou yo lib. Dessalines te prepare bato ak solda pou te ale libere nèg nan peyi Gwadloup, Matinik, Jamayik, elatriye.

Nan tan Arawak yo, zile a te rele Kiskeya kite siyifye nan lang pa yo « tè montay ».

Politik[edite | modifye sous]

Lis prezidan Ayisyen yo[edite | modifye sous]

Men lis tout prezidans yo : Lis prezidan Ayiti

Dwa yo[edite | modifye sous]

Ou mèt li vèsyon 1987 konstitisyon peyi.

Tout sitwayen gen dwa vote apre yo gen 18 an.

Sistèm[edite | modifye sous]

Gen de antite ki pataje pouvwa lejislatif, sena ak chanm depite lè de kò sa yo reyini yo fè asanble nasyonal.

Jewografi[edite | modifye sous]

Vil enpòtan yo[edite | modifye sous]

Vil an Ayiti
Ran Vil Popilasyon Depatman
1982 2005
1. Pòtoprens 449.831 1.234.742 Lwès
2. Kafou 110.000 439.581 Lwès
3. Dèlma 90.000 377.187 Lwès
4. Kap Ayisyen 64.406 134.815
5. Petyonvil 35.333 108.227 Lwès
6. Gonayiv 34.209 84.961 Latibonit
7. Sen Mak 24.165 66.226 Latibonit
8. Okay 34.090 59.319 Sid
9. Vèrèt 3.670 48.724 Latibonit
10. Pòdpè 15.540 34.657 Nòdwès
11. Jakmèl 13.730 145.984 Sidès

fonveret lwes

Demografi[edite | modifye sous]

Demografi d'Ayiti

Moun Ayiti se 65-70% Afriken avèk Endyen epi 25-30% se Franse avèk Afriken lot 5-10% se Blan (Ewòp avèk Arab.)

Edikasyon[edite | modifye sous]

Ayiti genyen 2 lang ofisyèl : kreyòl ayisyen epi franse.

  • 10% nan ayisyen yo konnen pale ak ekri franse, nan kilès yo n ap twouve 2 jouk 3% timoun piti.
  • 90% ayisyen yo ap pale kreyòl, nan kilès yo n ap twouve jouk 97% timoun piti.

Tout edikasyon timoun piti yo fèt nan lang franse. Li sanble ke Ayiti se youn nan peyi pòv yo ki pa ap metrize edikasyon pou popilasyon l.

Enstitisyon[edite | modifye sous]

Inivèsite[edite | modifye sous]

  • Collège Universitaire Caraibe (Port-au-Prince)
  • Université Chrétienne du Nord d'Haiti (Haut Limbé)
  • Université Épiscopale d'Haiti (Port-au-Prince)
  • Université d'État d'Haïti (Port-au-Prince)
  • Université Lumière / MEBSH (Port-au-Prince)
  • Université Notre Dame d'Haiti (Port-au-Prince)
  • Université Quisqueya (Port-au-Prince)
  • Université Roi Henri Christophe (Limonade)

Écoles et Centres d'Enseignements Supérieurs[edite | modifye sous]

  • Centre d'Etudes Universitaires et de Formation Continue : (Port-au-Prince)
  • Centre de Technique, de la Planification et d'Economie Appliquée (CTPEA) : (Port-au-Prince)
  • Centre Universitaire International d'Haiti: (Port-au-Prince)
  • Ecole de Droit des Gonaives : (Gonaives)
  • Ecole de Droit du Cap-Haitien:(Port-au-Prince)
  • Ecole Nationale des Arts (ENARTS):(Port-au-Prince)
  • Ecole Nationale des Infirmières:(Port-au-Prince)
  • Ecole Nationale Supérieure de Technologie:(Pétion-Ville)
  • Ecole Supérieure d’Infotronique d’HAyiti:(Port-au-Prince)
  • G.O.C Institut Polytechnique:(Port-au-Prince)
  • Institut International d'Etudes Universitaires :(Port-au-Prince)
  • Institut Universitaire d'Etudes Spécialisées :(Port-au-Prince)

Plant epi zannimo[edite | modifye sous]

Ayiti te gen anpil bèl zannimo lontan, men kounye a akoz yon maladi ki t'ap ravaje yo te oblije ekstèmine kochon. Nan andeyò w'ap jwenn yo pran swen zannimo yo, men nan vil la se maltrete yo maltrete yo, se sa ki fè gen anpil maladi ki propaje nan manje vyann yo.

Lyen[edite | modifye sous]

Nouvèl epi analiz

  • Premye.ht Yon sit pou chache nan sit entenet nan domèn "*.ht"
  • Fouye Haiti anpil enfòmasyon sou Ayiti ak dyaspora a
  • [1] Nouvèl konple sou Yahoo.com
  • [2], Ayiti Pwogre
  • [3],[4] Atik ak nouvel k'ap pale de wol Kanada an Ayiti
  • [5], Sit entenet Fanmi Lavalas la
  • [6], Yon analiz ZMag sou sitiyasyon peyi Ayiti kounye a
  • [7], Konbit Oganizasyon Ozetazini pou jistis ann Ayiti
  • AlterPresse Nouvel Alterpress nan diferan lang
  • IFEX Nouvel endepandan
  • [8] Nouvel sou Ayiti
  • Haiti-news list, Nouvel Ayisyen

Sou istwa peyi a

Lòt pajwèb yo

Foto Ayiti[edite | modifye sous]

Referans[edite | modifye sous]

Peyi nan Amerik

Amerik dinò : Etazini · Kanada · Meksik

Amerik santral : Beliz · Gwatemala · Kostarika · Nikaragwa · Ondiras · Panama · Salvadò

Karayib : Antigwa ak Babouda · Bahamas · Lababad · Kiba · Dominikani · Dominik · Grenad · Ayiti · Jamayik · Sen Kits ak Nevi · Sen Vensan ak Grenadin · Sent Lisi · Trinidad ak Tobago

Amerik disid : Ajantin · Bolivi · Brezil · Chili · Kolonbi · Ekwatè · Giyana · Paragwe · Pewou · Sirinam · Irigwe · Venezwela

lòt divizyon politik yo

Amerik dinò : Groenlann

Karayib : Karayib olandèz · Bermid · Kayman · Gwadloup · Giyàn franse · Matinik · Monsera · Pòtoriko · Tik ak Kayk · Il Vièj amerikèn ak britanik