ADN

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Ale nan: Navigasyon, Fouye

200px|right|thumb|ADN ADN oubyen A.D.N. [adeyèn] abreje oswa sig pou Asid Dezoksiribo Nikleyik (abreje DNA ann anglè), Molekil chimik fondamantal ki karakterize kwomozòm yo anfòm yon doub elis ki tòdye ann echèl chaje ak nikleyotid ki kole youn dèyè lòt. Se nan molekil ADN nan lamedsin jwenn tout enfòmasyon jenetik patikilye ki konsène yon moun. nan yon moun ki nomal, ADN lan gen 46 kromozom, 23 ke yon moun eritye de papa li, e 23 ke li eritye de manman li. gen de tip de kromozom, X ak Y. X la gen plis jenn ladan li--- le de yon moun gen 2X kromozom , yo konsidere li kom yon fimel biyolojik. kromozom Y la li menm gen mwens jenn la dani--- le yon moun gen yon Y kromozom, ak yon X kromozom, yo konsidere moun sa kom yon mal biyolojik. jenn lan se inite jenetik setadi pi piti entite jenetik ki gen infomasyon pou pwodiksyon pwoteyin. li inpotan pou note ke denye etid ki fet nan molekile biyoloji--- biyoloji ki etidye strikti ak mekanis molekil ki rantre nan fonksyon lavi-- sijere ke X kromozom lan la avan Y kromozom lan. yon konklizyon ki sijere konsekansyelman ke fanm la avan gason ki ta vle kontredi listwa genex ki de ke eve te kreye ak kot adan. ADN lan ou ak vizyalize li kom alfabe lang biyolojik la, kromozom yo kom voyel ak konson, jenn yo kom let , finalman Pwotin ke jenn yo pwodi yo kom Mo nan lang lan.

inpotans molekil ADN lan infiltre plizye aspe ekonomik ak sosyal--- li jwen yon kokin shenn rol nan pwodiksyon vaksin ki baze sou etid jenetik yon bakteri ki pemet konpayi medikal yo fe yon bokit lajan, e kote yon paket moun arive gen iminite kont yon paket maladi infektyez. inpotans ADN nan syens forenzik se gwo koze-- syens forenzik se syans kriminolojik ki gen pou li we ak jistis ou pwose legal. nan syans sa, yo itilize ADN kom yon sinyati biyolojik ki eskliziv ak shak individi( esepte vre marasa) pou prouve kilpabilite ou inosans.Modèl:Link FA Modèl:Link FA